Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 46
Nap pran kouraj ak
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Nap pran kouraj ak tout bagay
San nou pa jan m dekouraje
Sèvi Bondye se yon bagay trè difisil,
Pèson-n moun pap dekouraje (trè difisil
Nan gran travay Bondye ya
Mwen gen espwa ma delivre pou toujou.
Map pran kouraj map supòte
Mwen konnin yon jou
Tout bagay gingnin pou li fini, pou li fini
Se Bondye ki gen tout puisans
Li va kinbe mwen avèk lanmou Li
Jou m delivre ma va chante
Laglwa pou Bondye.
Pafwa rout la kon difisil,
Ak tout kalite tèt chaje
Yap kritike m, yap voye pwen
Sou mwen men m sèl
elmi m yo ap fè tripotaj
Pafwa, men m moun ki nan legliz
Jou m delivre ma va chante
Laglwa pou Bondye.