Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 51
mwen sonje yon jou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen sonje yon jou ki jan mwen te malad
Doktè t di konsa li pa kwè map sove
Parna m yo tande sa, yo otut pran kriye
Men Jezi te pale nan jou sa.
Mwen pap kapab bliye, bliye jou sa
Kòman pou m bliye jou sa
Jou m te jwen-n soulajman pou nan m mwen
Laglwa a Dye. (bis 3 lign)
Lè mwen pat gen Jezi, kè mwen te toujou tris
Mwen pat kapab manje mwen pat kapab dòmi
Lè m vin jwen-n ak Jezi tout bagay te chanje
A la yon bon Zanmi se Jezi.
Lè mwen te nan mon lan mwen toujou tap kriye
Peche mwen te rouj e tèt mwen te chaje
Chak jou mwen leve, problèm a goch a dwat
Mwen te remèt Jezi ti rès la
Joi-a si gen moun ki poko gen Jezi
Kouri vit aksepte l, paske lè-a rive
Nan Jezi gen lavi, gen la lajwa nan Jezi
Nan Jezi gen yon lèt ap koule.