Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 52
Nan lavi sila fòk yon
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Nan lavi sila fòk yon moun pa tro prese
Lèzòm di san fè, lè Senyè men m fè san di
Lè wape priye, fòk ou aji fwa ou
Lè sa Jezi va voye delivrans pou ou.
Ou men m kretyin priye, pa dekouraje
Pèsevere nan la lapriyè, mande Li pasians
Se Li ki mèt ou, se Li k-espwa ou,
Se Li k-zanmi ou,
epi wa wè tout bagay regle.
Men m si ou pat gen espwa, Priye Jezi chak jou
Se Li-k pou delivre ou pou ba ou lavi
Di Li mèsi toutan, repanti tout peche ou
Konfese ou ak Jezi, wa delivre.
Lè ou sonje David, son non m yo te meprize
Li te rive wa pa puisans Pè etènèl
Se men m jan ou men m, si ou kinbe la fwa
Lè sa Jezi va voye delivrans pou ou.