Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 70
Souvan nou mande
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Souvan nou mande, sa demin ap pote
Si se pa anpil lajwa, chagrin ou tristès
Souvan nou pèdi anpil sou avni nou
San nou pa men m panse si Jezi ak nou.
Frè mwen ak sè mwen atansion pa trouble
Konnin ke avni nou, li nan men Bondye
Tout sòm lavi-a, lè prezan e lavni
Yo tout byin kalkile pa Lespri Bondye.
Nou pa kapab fè anyen pou tèt nou
Si se pa men Bondye ki ap kondwi nou
Si nou vle gingnin yon bèl briyant avni
Sèl bagay pou nou fè se konfie nan Dye.
Sonje trè byin Bondye nou-an puisan
Tout sa ki imposib, ak Li yo posib
Nou doue prepare nou pou retou Jezikri
Paske Li a la pòt, L-ap vin chèche nou.