Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 71
Kinbe fèm travay nap fè
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Kinbe fè m trava nap fè pou Jezikri
Rout la pa fasil, fòk nou toujou soufri
Lè satan ap fè ravaj li, nou va tris
Nou konnin Jezi la, Li va kinbe nou.
Kinbe fè m jouk sa fini
Kinbe fè m jouk Kris vini
Kinbe fè m, piga ou lage
Lè Jezi la ou pa janmen fatige.
Yon sòlda pa jan m touche san l pa travay
Se pou li toujou fidèl nan tout bagay
Li pap janmen rekile lè l nan batay
Nou konnin aprè batay nap gen viktwa.
Jezi sere yon bèl kouròn pou tout kretyin
Ki toujou rete fidèl jouska la fin
Va gen tout kalite kouròn nan jou sa-a
Lute byin pou nou ka pran kouròn yo.