🎵 Chants d’Espérance

Gloire à l'Agneau — Kreyòl · Chant nº 53

Mwen mache nan yon du chemin

Kreyòl
Couplet 1

Gen yon non mwen renmen chante,

Se yon non mwen p ap janm bliye,

Paske se grasa li mwen sove,

Non sa a se non Jezikri

Refrain

O wi mwen renmen Jezi! (3 fwa)

Paske Li renmen m avan

Couplet 2

Gòlgota mwen p ap janm bliye,

Se la Kris mouri pou sove

Tout pechè ki vle vin lave

Nan san li ki koule la.

Couplet 3

M ap sere pawòl Bondye

Nan kè mwen pou mwen pa peche

Kont Jezi ki te sove nou

Lè li te mouri pou nou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible