🎵 Chants d’Espérance

Gloire à l'Agneau — Kreyòl · Chant nº 54

Bien pa m pa isiba

Kreyòl
Couplet 1

Lè w anba nyaj ak tanpèt yo

Chan e souri yo ale;

Genyen yon moun ki renmen ou

Menm lè lannwit la twò long.

Gen youn ankò pou ede ou,

Gen youn ki ka reponn ou,

Gen youn ki wè tout sò ou yo,

Gen youn ki konnen sa.

Refrain

Li konnen sa. (2 fwa)

Tout tantasyon ak doulè yo,

Se Jezi k sèl espwa.

Couplet 2

Lè plezi tè sa a disparèt,

Jounen ak lannwit sanble.

Pou ou, nanpwen anyen ankò

Menm kouraj, nanpwen ankò.

Ou panse pa genyen espwa

Men gen yon moun pou ede w

Se li Menm ki va pran swen ou

Li konnen bezwen ou.

Couplet 3

Kite Sovè a pran swen ou

Prese chèche prezans li.

Li bay lapè, Konsolasyon,

Li fè tout dout yo ale;

Li chanje vi ou konplètman

Syèl la va louvri pou ou,

Se Jezi ki va pran swen ou

Paske li konnen sa.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible