Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 14
Sèlman Jezi
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Depi m trouve Jezi mwen trouve repo,
Jezi kache m nan gran lanmou Li,
Li konpran-n mwen,
L-ede'm pote tout fado
Chak jou Li ban m prèv gran lanmou Li.
Sèlman Jezi, sèlman Jezi,
Li-min'm sèl kapab satisfè,
Li ban m la lajwa, Li ban mwen la pè,
Li ban mwen bonnè pafè.
2.
Depi m trouve Jezi mwen trouve la lajwa,
Mwen pa-t panse sou la tè sa a,
Mwen pa jan m kapab trouve.
Yon si gran lajwa
M-ap goute dejà bonnè syèl la.
3.
Depi m trouve Jezi mwen gingnin espwa
Men m nan mizè m,
Men m nan soufrans mwen,
Nan pwen loraj ki kapab fè m pèdi la fwa,
Tenèb chanje an limyè pou mwen.