Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 15
mwen vle Sanble Ak Jezi
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen gingnin yon pi gran dezi,
Pou mwen sanble ak Jezi,
Nan pwen yon lòt pi gran plezi,
Pase sanble ak Jezi.
Mwen vle kè mwen sèvi tròn Li
Pou ke lè mon-n kap chèche lavi
Kapab wè Li-min'm nan mwen, tanpri,
Mwen vle sanble ak Jezi.
2.
Li sèvi lez òt san rete,
Mwen vle sanble ak Jezi,
Li mache ak umilite,
Mwen vle sanble ak Jezi.
Pou foul la Li gen simpati,
Li pale yon mesaj beni,
Pechè yo Li vle akeyi,
Mwen vle sanble ak Jezi.
3.
Lavi li te san tach e sen,
Mwen vle sanble ak Jezi,
Obeisan jiska la fin,
Mwen vle sanble ak Jezi.
Lè tan Li rive pou mouri,
«Padonnin yo» se te kri Li,
pou moun sa yo ki te lenmi,
mwen vle sanble ak Jezi.
4.
A la Kris viv yon vi pafèt,
Mwen vle sanble ak Jezi,
E re konpans mwen va konplèt,
Lè mwen sanble ak Jezi.
Plin nan m grangou mwen ak Lespri,
Fò Li doue kontrole tout lavi,
Pou mwen nan pwen lòt pi gran bu,
Pase sanble ak Jezi.