🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 16

O Kanaan, Bèl Kanaan

Kreyòl
Couplet 1

Map lute pou m rive laba

Kote ki gen la pè, la lajwa,

Se la mwen vle rete tout tan

Nan bèl pei de Kanaan.

Refrain

O Kanaan, bèl Kanaan,

Se la mwen vle rete tout tan

Kote lèt la ak mièl koule

Kote ki pa jan m gen peche

Se la map rete viv san fin,

Pou toujou ak Kris, Sovè mwen.

2.

Rout la move men map rive

Satan ap chèche fè m tonbe

Men Jezi kenbe m pa-za-pa

Jouk mwen rive la nan la laglwa.

3.

Mwen pap mumure, ni kriye

Men map toujou pèsevere

Ka Kris te soufri trop pou mwen

Fòk mwen swiv Li jiska la fin.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🕊️ Funérailles et consolation