Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 18
Vini jwenn mwen
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Vini jwen-n mwen moun fatige,
Vini m-a fè nou repoze,
M-a fè sousi nou yo ale
Paske mwen dous, plin umilite,
Paske mwen dous, plin umilite,
E m-a ba nou repo.
Nou ki chaje, boulvèse, fatige,
Vin jwen-n mwen,
Vini donk, m-a ba nou leson,
Jouk pa mwen pa rèd, e chaj mwen leje,
Jouk pa mwen pa rèd, e chaj mwen leje,
Vin jwen-n mwen e m-a ba nou repo.
2.
Moun ki anba fado peche
Vin resevwa la lajwa, la pè,
M-a leve fado sou kè ou,
M-a fè nou jwen-n padon pou toujou,
M-a fè nou jwen-n padon pou toujou,
E m-a ba nou repo.
3.
Avèk tandrès Sovè m plede,
Moun pa Li L-ape proteje,
Toujou L-ap rele vin jwen-n mwen,
E m-a fè nan m pa nou repoze,
E m-a fè nan m pa nou repoze,
E m-a ba nou repo.
(Favorites 2 – No. 79)