Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 19
Pèson-n Pa Pran Sousi mwen
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Byin lwen nan lòt pei yo
Anpil moun dezespere,
Paske kè yo tris e lou ak chay peche.
E ak larm yo ap plede
Pou yon moun vin soulaje
Nan m yo ki krintif, toujou pèsekute.
Pèson-n pa pran sousi mwen
Milion ap kriye,
Pèson-n pa pran sousi mwen,
Tande plint yo,
Èske ou vle bay lavi ou pou al preche
Afin ke Kris sove e lage nan m yo.
2.
Moun pèdi, je yo avèg
Yo pè mache nan nwasè
E prostènin devan zidòl nan tout lie,
Èske ou va kite yo
Mouri san okin-n limyè?
San espwa yo va parèt devan Bondye.
3.
Senyè, mwen gen tan tande
Tout kri moun yo ki pèdi
Mwen bay ou lavi m, ma chèche yo patou
Voye mwen ninpòt ki bò
Kite m peye ninpòt pri,
Lese m di chakun:
«Kris pran sousi nan m ou.»