Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 21
mwen vle Sanble Ou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen vle sanble Ou Redanmtè beni
Se sa ki dezi ak la lapriyè m,
Tout trezò tè a pa interesan
Si sèlman mwen kapab sanble Senyè m.
Mwen vle sanble Ou,
Mwen vle sanble Ou,
Redanmtè beni, konplètman sen,
Vin nan dousè Ou, repon-n lapriyè nou
Inprime pòtre Ou nan kè mwen.
2.
Mwen vlesanble Ou plin ak konpasion
Byinemab, padonnan, plin tandrès,
Sekouri malere avèk fèb yo,
Ap ede mizerab nan detrès.
3.
Mwen vle sanble Ou nan lumilite
Sen, inosan, san tach, san blame
Dousman supòtan reproch mechan yo
Prèt pou soufri, lez òt pou sove.
4.
Mwen vle sanble Ou, men mwen chè Senyè
Ranpli kè mwen ak puisans anro
Tou sa m posede mwen pote ba ou,
Mwen vle transfòme, ne de nouvo.