🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 22

A La yon Lanmou Mèveye

Kreyòl
Couplet 1

Bondye renmen yon pechè kou mwen ye

Li wete tristès e fè m byinn-ere,

Li ban m plas tou pre kote Li rete,

A la yon lanmou mèveye.

Refrain

Lanmou, si mèveye, lanmou, si mèveye,

Bondye renmen yon pechè kou mwen ye

Nan pwen yon lòt lanmou parèy.

2.

Pou plan sa Jezi te byin dispoze,

Malgre sa te vle di fòk Li mouri,

Li obeyi Papa l san ezite,

A la yon lanmou infini.

3.

Nan plan redanmsion Li Bondye achte

Yon esklav inutil se sa m-te ye,

Sovè a mouri, san Li te vèse,

Delivre yon varyin antète.

4.

Li resevwa m pito kòm yon pitit,

Li pa mete mwen nan ran sèvitè,

Nan gras Li Papa m anbrase m tou souit,

Lè m chèche padon Li ak tout kè.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible