Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 44
Nan Jou Sa Yo
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Kounye ye a nou bezwen yon apui,
Kounye ye anou bezwen yon abri,
Fèt atansion, fèt atansion,
Gen yon sèl kote ki bay proteksion.
Refrain
Sa se nan Jezi, ki sèl Sovè,
Sa se nan Jezi, lè vrè bonnè,
Fèt atansion, fèt atansion,
Gen yon sèl kote ki bay proteksion.
2.
Kounye ye a nou va bezwen Bib nou,
Kounye ye a nou mache ak konfians,
Fèt atansion, fèt atansion,
Gen yon sèl kote ki bay proteksion.
3.
Kounye ye a nou gingnin asurans,
Kounye ye a nou mache ak konfians,
Alelouya, Alelouya,
Nou deja profite chemen syèl la.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir