Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 45
A La yon Mèveye Meveye Jou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
A la yon mèveye, mèveye jou,
Jou m pa kapab janmen bliye
Lè m te nan tenèb, pèdi nan la bou,
Jezi Sovè m mwen kontre,
A la yon zanmi ki gen charite,
Li satisfè m ak gras Li
Li pran tristès mwen, Li ba m alegrès,
E Li fè tout tenèb mwen pati.
Syèl la desan'n, Li plin nan'm mwen ak la lajwa
Lè Sovè mwen te sove m a lakwa
Peche m tout padonnin,
Tenèb nan limyè tounin,
Syèl la desan'n, Li plin nan'm mwen ak la lajwa
2.
Fèt de nouvo pa puisans Lespri sen,
Li fè m yon pitit Bondye
Lanmou Kalvè justifie m, se sètin,
Li ba m yon chan glorie.
Travay sa te fè nan yon ti moman
Lè m repanti nan peche m
Lè m aksepte Li e lè m konfese Li,
O beni non Li, Li sove m.