🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 68

Chan Gèp Yo

Kreyòl
Refrain

Lè pèp Kanaan fè kè yo du kont Bondye

Yo atriste Li ak peche,

Donk Bondye voye gèp yo pou regle yo

E pou ede pèp Li yo gangnin.

Gèp yo pèswade yo li tap preferab

Prese vit e pa pou yo mize,

Dye pa fè nou aji kont volonte nou,

Sèlman Li fè yo byin dispoze.

Refrain

Li pape fòse nou ale (non, non)

Lè pape fòse nou ale,

Lè pa fè nou aji kont volonte nou,

Sèlman Li fè nou byin dispoze.

2.

Si yon nich gèp vivan antre nan chan m sa

Epi bèt yo komanse vole

Nou pa ta bezwen konvink ou pou sòti,

Ou ta anvi sòti, nèspa vre?

Se pa akòz fòs yo pou yo brote ou

Jete ou nan fenèt la, non

Yo pap fè ou aji kont volonte ou

Sèlman ya fè ou byin dispoze.

3.

Lè yo voye Jonas nan lèv lè Senyè,

Li pa te vle ale laba,

Li pa janmen fè yon travay ki si rèd,

Donk, li abandonnin travay la.

Men Bondye fè yon gro pwason avale l,

Se yon istwa nou tout konnin,

Li pap fè li aji kont volonte li,

Sèlman li fè li byin dispoze.

4.

Lè Balaam al kote Moab la

Li te vle regle zafè li

Bourik li reproche l nan mitan chemen,

Profèt admèt pou li obeyi.

Si l kapab sèvi ak yon bourik, Bondye gen dwa

Fè ak nou ninpòt sa Li vle

Li pa fè nou aji kont volonte nou

Sèlman Li fè nou byin dispoze.

5.

Gen anpil nan lèz òm ki sanble ak bourik

Tou de se bèt rebèl, se vre

Si ou di l: «Vire» se tou dwat la ale,

Ou di: «La» se atò li mache

Chan mwen se tou drol,

Men m-konnin ke se vre

E mwen pa vle wè gèp yo vin pike kò mwen

Donk, pa reziste kont la parol Bondye

Kite li fè ou byin dispoze.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.