🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 69

Alelouya mwen jwenn Jezi

Kreyòl
Couplet 1

Tout lavi mwen, mwen tap soufri,

M-tap chèche yon dlo pou m bouè,

Ki tap soulaje pou tout tan

Refrain

Swaf la ki te plin kè mwen.

Refrain

Alelouya, mwen jwen-n Jezi

Ke lontan nan m mwen chèche,

Refrain

Jezi satifè tout kè mwen

Se pa san Li mwen sove.

2.

Manje lè mon-n te ranpli mwen

Men mwen pat gen pè dutou

Mwen tap chèche sa ki pi bon

Nan m mwen te toujou grangou.

3.

Mwen te pòv, lajan m-tap chèche

Yon bagay pou satisfè m,

Men tou sa mwen tap rasanble,

Pat fè anyen pou nan m mwen.

4.

Yon sous dlo ki toujou koule

Pin lavi si bon, san pri,

E richès ki satisfè mwen,

Mwen jwen-n tou sa nan Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible