🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 70

Tout glwa A Jezi

Kreyòl
Couplet 1

Jezi te sove m, mèveye Sovè

Jezi te sove m, mwen pa kapab di kouman,

Sèl sa mwen konnin, Li peye dèt la,

Lè Li te mouri sou Kalvè soufran.

Refrain

Tout laglwa a Jezi, mèveye Sovè,

Tout laglwa a Jezi, se Li m-adore,

Tout laglwa a Jezi, mèveye Sovè,

Tout laglwa a Jezi pou letènite.

2.

Jezi va kondwi m, mèveye Sovè

Jezi va kondwi m, mwen pa kon-n kote,

Men mwen va swiv Li, nan lajwa ou tristès

Tout kote Li minnin m, ak Li m-ale.

3.

Jezi va chèche m, mèveye Sovè,

Jezi va chèche m, mwen pa kon-n ki lè,

Yon jou ma wè Li, chita sou tron-n Li,

Li va kouron-nin mwen, devan anj yo.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🎵 Louange et adoration