Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 73
A La yon Gran La Pli
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Sa fè sink mil ane pase Noe bati lach la
Bondye di: «Map voye deluj
Pou detoui la tè a.»
Zanimo antre andedan, betizè yo mande
Si Noe panse fè lach la sou tè sèk derape.
Ak fanmi li, Noe antre, Bondye fèmin pòt la
Syèl lavi-n son m, zeklè pete,
Pasians Bondye kaba.
A la yon la pli!
Li tonbe pandan karan-n jou,
San li pa rete dutou, dutou,
A la yon la pli!
Men lach la vouyaje toujou
A la yon la pli!
2.
Moiz ale sou lòd Bondye
Ba pèp la libète,
Wa Ejip deklare: «Mwen pap kite esklav ale
Banboche nan dezè a,
Puiske you tout parese,
O lie mwen lage yo,
Ma fè travay yo redouble.»
Moiz repon-n: «Ou pral soufri.»
Moiz men m pa te pè.
Li kanpe bò riviè e leve baton li an lè.
A la yon la pli!
Sotrèl, krapo, mouch, pou, ak grèl
Gringole sou Lejip sòt nan syèl.
A la yon la pli!
Faraon pat kapab supòte l, a la yon la pli!
3.
Nan tan Eli an-n Izraèl lè wa Akab regne,
Sechrès te rèd, twa zan èdmi
La pli pa tonbe,
Akab banboche sou Kamèl, pandan Eli prie
Sis fwa nan poun anyen
Men Eli pa dekouraje,
Byinto yon ti nuaj parèt,
Eli te pran kouri, li di Akab:
«Ou doue pare pou yon kokin-n la pli!»
A la yon la pli!
Syèl la tou nwa, dlo a te frèt
Akab ran-n kont se pa yon jouèt
A la yon la pli!
Lè li rive li mouye nèt. A la yon la pli!
4.
Avan Jezi tounin nan syèl kote Li te sòti
Ak onz apòt yo Li prominnin jouk nan Betani
Li di: «Lè m rive nan syèl la
Ma voye Sint-espri
Donk, rete a Jeruzalèm
Jouk puisans la vini.»
San-vin disip nan chanm-òt la te veye e prie
Yon van subit sekoue kay la,
Benediksion vide.
A la yon la pli!
Bondye voye lè Sint-espri
Yo preche chak moun nan lang pa li
A la yon la pli!
Mesaj repan-n nan tout peyi,
A la yon la pli!