Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 75
mwen te jwenn Bèl Sous lavi a
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Nan m mwen te swaf
Li pat jwen-n satisfaksion
E plezi lè mon-n te tronpe nan m mwen,
Men yon bon jou
Lè m tap chèche soulajman,
Jezi te di: «Vin jwen-n lavi nan mwen.»
Oui, mwen te jwen-n ni, bèl sous lavi a
Gras a Jezi, ki te mouri pou mwen,
San Li te koule, sou mòn Kalvè a
E kounye ye a Li satisfè kè mwen.
2.
Lavi m te tris lè m pat ko konnin Jezi,
Pat gen espwa, nan m mwen te boulvèse,
Men gras Bondye te louvri sous lavi a,
M-te jwen-n ladan padon e libète.
3.
Chè zanmi mwen, O pouki sa ou mize
Vin kounye ye a, vin jwen-n sous lavi sa,
Fado peche tro lou pou ou supòte,
Jezi vle bay ou repo jodi a.