🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 76

mwen vle Ale Kote Ou vle

Kreyòl
Couplet 1

Petèt se pa-p sou yon gro montay

Ni nan yon pei byin lwen,

Petèt se pa nan yon gran batay

Ke Ou va sèvi ak mwen

Men si se vwa pa Ou ki pale,

Men m si mwen pa gen anyen,

M-ap repon-n: «Bondye, ak men Ou sou mwen

Mwen va ale kote Ou vle.»

Refrain

Mwen va ale kote Ou vle, Bondye,

Nan mòn, sou la mè, nan vale,

Mwen va di sa Ou vle mwen di, Senyè,

Mwen va sa Ou vle pou mwen ye.

2.

Petèt jodi a s paròl dous

Ke Jezi vle pou m pale,

San dout doue gingnin sou rout la tou

Yon egare pou m chèche.

O Bon Sovè si ou va gide m,

Si sou rout la ou kenbe m,

Mwen va repete mesaj lavi

Mwen va di sa Ou vle mwen di.

3.

Sètènman gingnin yon vie ti plas,

Nan gran rekolt mon-n sa a,

Kote m kapab fè men m se yon ti kras,

Pou Jezi krusifie a.

Ma mete konfians mwen nan Ou, Senyè m,

Paske Ou te renmen m vre.

Ma fè volonte Ou, chè Sovè m,

Mwen va sa Ou vle pou mwen ye.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :🙌 Consécration