🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 39

Lè Monn se Pa Lakay Mwen

Kreyòl
Couplet 1

Lemonn se pa lakay mwen,

Nan syèl map prale;

Trezò mwen ak kè mwen,

Anwo yo tout fikse.

Mwen tande zanj yo k ap

Rele mwen anle la,

E mwen pa ka santi m

Twò alèz isiba.

Refrain

Jezi, ou konnen

Ou se sèl zanmi mwen,

Si m pa te gen espwa syèl,

O Senyè, sa m ta fè?

Mwen tande zanj yo

K ap rele mwen anle la,

E mwen pa ka santi m

Twò alèz isiba.

Couplet 2

Mwen konnen mwen pa bon,

Mwen fè anpil pechè,

Men mwen gen tout espwa

Paske Kris se Sovè m;

Se li menm ki te mouri

Sou bwa Kalvè a

E li te sove nanm mwen pou letènite.

Couplet 3

Mwen gen kèk byeneme

Ki ale nan syèl dejà;

Yo nan bra Jezikri,

E y ape tann mwen la.

Mwen vle kontinye,

Lite kon yon bon sòlda

Men Jezi, lè ou rele m,

M a vini avèk jwa.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🕊️ Funérailles et consolation