Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 44
Kè Mwen Si Kontan Ke Tas Mwen Debode
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Kè mwen tèlman kontan
Tas mwen debòde
Ala kontan m kontan
Mwen genyen lajwa;
Ki vini nan kè mwen
Depi mwen sove,
Paske m te fèt yon lòt fwa
M a chante, rakonte,
Tout kote m ale;
Mwen vle tout moun tande,
Mwen vle yo konnen,
Jwa sa a ki nan kè mwen
Ki fè l debòde,
Paske m te fèt yon lòt fwa.
Mwen renmen sovè mwen,
Lespri sen ap di m
Ke Jezi te sove m,
Li lave tout vi m.
M ap rejwi, m ap viv nan Jezi ki zanmi m.
Ka mwen te fet de nouvo.
Mwen renmen Sovè mwen,
Travay li m ap fè;
Mwen renmen pèp Bondye,
E moun ki pechè;
Mwen renmen kounye a
swiv chemen Kalvè,
Paske mwen te fèt lòt fwa.