🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 45

Jezi Sove m E Li Toujou Renmen m

Kreyòl
Couplet 1

Jezi sove m e Li toujou renmen m;

Nan pwen anyen ki ka separe nou.

Li te mouri pou rachte nanm mwen;

Kounye a mwen pou Li.

Refrain

Kounye a mwen pou Jezi,

Jezi pou mwen menm tou;

Pa sèlman pou lavi sa a,

Li kenbe m pou toujou.

Couplet 2

Mwen menm te pèdi se akòz peche m;

Jezi desann sou latè pou ede m;

Li wete mwen nan wont ka mizè;

Kounye a mwen pou Li.

Refrain

Lajwa ape debòde nan kè mwen;

Kris, Pitit Bondye, se Redanmtè mwen,

Pa mwayen san Li mwen libere;

Kounye a mwen pou Li.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible