🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 71

Mwen konnen Yon Non

Kreyòl
Couplet 1

Mwen konnen yon Non,

Yon non mèveye,

zanj yo te vin pòte ban nou.

Syèl la t ap klere lè yo te pale.

Non sa a ki si bèl, si dous.

Refrain

Non sa a ki si gran,

Non mèveye sa a.

K delivre nou nan peche.

Ala yon bèl non! Ala yon gran non!

Se Jezikri sovè nou an.

Couplet 2

Mwen renmen Non sa a,

Non mèveye sa a.

Ki pi bèl pase tout lòt non.

Depi m te konnen lanmou li pou mwen,

Mwen te ba Li tout lavi m.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible