🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 72

M-konfie Nan Dye Ninpot Kote Mwen Ye

Kreyòl
Couplet 1

M konfye m nan Bondye tout kote mwen ye.

Ni sou latè, ni sou lanmè twouble;

Nan tout traka, nan lavi sa a

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Refrain

M konfye m nan li,

Mwen konnen L ap pran swen mwen,

Nan dezè a, ou nan move chemen,

Lanmè pouse m, Bondye kenbe m

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Couplet 2

Li gade flè nan jaden toupatou,

Li pran swen zwazo k ap chante pou nou,

jiska lafen, L ap sonje mwen,

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Couplet 3

Wout la ka di, nyaj yo kouvri mwen,

Bèje a gade mouton l jouk lafen

Apre monn sa a, n a wè syèl la,

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible