🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous Chrétiens · Chant nº 6

Nou doue konnen genyen yon sel Bondie

Kreyòl
Couplet 1

Nou doue konnin gingnin yon sel Bondie

Li te kree la te ak tou sa ki ladan l

Li te kree yon non m, li te kree yon fan m

Nou tout ki sou la te nou se pitit de sel moun

Nou doue konnin nou tout ki sou la te Se fre

Poukisa le nou vle nou tuye fre nou an

Poukisa le nou vle nou kraze se nou an

Eske Bondie kapab kite nou san pini.

Refrain

Tale Konsa kontra la te o gen poul fini

Ala traka pou wa la te Ki pa vle

aksepte Jezi.

Couplet 2

Ti moun n nan tan sa pa respekte manman yo

Ti moun n nan tan sa pa respekte papa yo

Le zom telman mechan, le zom tel man sovaj

Yo pa kapab rekonet moun kap fe yo di biyn

Papa kap mache fe pitit nan chak kalfou.

Yo pa pran swen manman, yo pa pran swen pitit

Se pa yon fan'm selman ki Selman kriminel

Kap sakrifie ti moun, tout jounin e tout Nuit

Couplet 3

A la traka pou moun n kap dirige la te

Yo fe tankou se yo ki kree la te

A la traka pou moun ki we pou tet yo selman

Yo refize separe sa ki nan men yo

Mesie dam kap koute map bay yon ti konsey

Sa ou we ki pa ka manje ba yo yon ti manje

Sa ou we ki pa ka domi, pa fe yo mechanste

Bondie va protege ou le ou tonbe nan male

Couplet 4

Se dan le mond antie ki gen malpro prete

Se dan le mond antie moun ap doml nan la ri

Se dan le mond antie lajan ap gaspiye

Map site kek pey pou nou we si semanti

Le ou pran Etazini, la Risi, Langlete, la Libi

La Siri, la Chine e le Japon lajan ap gaspiye

Selman nan fabrike za m

Ayti loreya nan fe manje pou lwa.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible