🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous Chrétiens · Chant nº 7

Allelouia Jezi se wa nan lavi mwen

Kreyòl
Couplet 1

Allelouia, allelouia Jezi se wa nan

lavi mwen

Le lavi mwen atriste se li ki vin konsole mwen

Alielouia, alielouia Jezi se sel kapiten mwen

Le bato mwen pral koule se li ki vi n pilotel.

Couplet 2

Toujou tande le mond ap di

Sak te gen nan levanjil la

Mou n ki levanjil gen problem

Nou men m tou n gen problem

Men m si ou ta oue nou gen problem

Problem nou yo pa sou do nou

Yon sel bagay nou konnin

Jezi se wa nan lavi nou

Couplet 3

Nan tout kote nou pase

Tout moun se yon sel parol

Telman yo gingnin problem

Yo pa konn sa pou yo fe

An n ale nan montay yo

Nan plen yo nan vale yo

An al di yo pran kouraj

Jezi ap vi n delivre yo

Couplet 4

Men m si ou ta oue nou leve

Dife pa limin nan kay la

Ti moun yo pa kapab manje

Yo pa kapab ale lekol

Voisinaj te met kritike n

Fre m, sem sa pa di n anyen

Men m si n pa kapab peye kay la

Jezi se wa nan lavi nou.

Refrain

Le bato mwen pral koule

Se li ki vi n pilote m

Le avion an pral tonbe

Se li ki vin n pilote m

Le diab la vin n poul toumante m

Se li ki vi n pilote m

Le problem yo vin n devan m

Se li ki vin n pilote m

Le rout la tou nwa pou mwen

Se li ki vi n pilote m

Pilote, Pilote.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🎵 Louange et adoration