🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 23

Senyè Mwen Mande Ou Fòs

Kreyòl
Couplet 1

Senyè mwen mande ou fòs

Pou m reziste nan konba (2 fwa)

Mwen vle rele fidèl

Jan ou vle mwen ye nan konba. (2 fwa)

Refrain

Lè Lespri mwen ta boulvèse

Mwen pa pè mwen konnen m asire nan konba. (2 fwa)

Couplet 2

Pran feblès mwen ban m fòs ou

Pou m ka lite nan konba (2 fwa)

Mwen vle swiv ou e ale

Kote ou vle nan konba (2 fwa)

Couplet 3

Senyè kenbe m fèm

Pou mwen pa trouble nan konba (2 fwa)

Ou te di mwen tout sa genyen pou rive,

Nan konba (2 fwa)

Couplet 4

Nan moman sa nou ye

Si nou pa kenbe ou sa n a fè (2 fwa)

Nou vle rete fidèl

Pou n ka kouwone aprè konba (2 fwa).

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🙏 Prière