🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 24

Chak Fwa Mwen Fè Yon Bagay

Kreyòl
Couplet 1

Chak fwa mwen fè yon bagay,

Mwen pa t pou fè,

Chak fwa mwen di yon bagay,

Mwen pa t pou di,

Kite m di ou sa mwen fè,

E nanm mwen va beni

Mwen kache yon kote pou m priye.

Refrain

Men wi mwen kache (2 fwa)

Mwen mande sovè mwen

Pou li dirije m;

Men wi mwen kache, (2 fwa)

Mwen kache yon kote

Pou m priye.

Couplet 2

Frè e sè nan Senyè a

Mete nou prè,

An nou priye pou nou kapab reveye,

Jezikri fè nou pwomès

Fòk li jwenn nou prepare

Apòt la di nou priye toutan.

Couplet 3

Chak fwa mwen fin lapriyè

Mwen vin pi fèm

Paske Sentespri Bondye

Pale nan kè m

Nan Galat 5 vèsè 25

Moun k ap viv selon Lespri,

Se pou yo mache selon Lespri.

Couplet 4

Nan Bib la nou jwenn moun

Ki te konn priye

Pami yo nou jwenn

Moyiz ak Danyèl

Nan 1 Tesalonisyen chapit 5 vèsè 17

Apòt Pòl di nou priye toutan.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🙏 Prière