🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 43

A Rebò Yon Chemin Ki Mennen Jeriko

Kreyòl
Couplet 1

Arebò yon chemen ki mennen Jeriko;

Jezi te rankontre yon mandyan

yon vye rad te sou li

Tou de je l te fèmen,

Li t ap mande charite

Refrain

Jezi te di l: ou mèt ale ! (2 fwa)

Depi menm lè sa a li wè.

Couplet 2

Lè ou gade nan Jan chapit 8, vèsè 12

Jezi di se li menm ki limyè

Moun ki swiv li p ap janm mache

Nan nwa ankò

Li va gen limyè, lavi.

Couplet 3

Pawòl mwen se yon lanp

Nan pye ou, si ou swiv mwen

Yon limyè nan kè nou pou toutan

Moun ki swiv mwen p ap janm

Mache nan nwa ankò

Li va gen limyè lavi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible