🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 44

Lè Moman-an Te Pi Difisil

Kreyòl
Couplet 1

Lè moman an te pi difisil,

Pitit, madanm tonbe malad,

Kouche sou kabann lopital

Ak lapenn mwen pa nan travay.

Yo ban mwen papye preskripsyon

Mezanmi m pa gen atouche

Mwen louvri bra mwen bay Jezi

Se li menm sèl ki ka sove m

Refrain

Mwen p ap lache Jezi yon may,

Avèk li mwen pi asire;

Mwen p ap kite Jezi sovè m

Avèk li m ap genyen viktwa.

Couplet 2

Gen sa k te di m al kay bòkò,

Ak lajan m al rele vye lwa,

Ajenouye m nan pye pechè,

Pitit, madanm mwen pra l mouri,

Mwen fè yon egzamen konsyans,

Si yon nonm te ka bay lavi,

Nonm sila pa ta janm mouri

Tout tichès late ta pou li.

Couplet 3

Doktè di m pa genyen espwa

Tou de moun yo prèt pou mouri

Men mwen di: O non de Jezi!

Pa gen anyen dwòl k ap pase.

Tou de moun yo pa t ka manje

Nan demen, yo mande manje

Uit jou pase yo ekzeyate

Sou pwoteksyon Jezi Sovè m.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.