🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 55

Lè Lavi mwen Va Fini

Kreyòl
Couplet 1

Lè lavi mwen va fini

E mwen janbe rivyè a,

Lè mwen wè briye

yon maten glorye

M ava konnen Redanmtè mwen

Lè m a rive nan syèl la

E souri Li va pou mwen yon byenveni.

Refrain

M ava wè Li, m a konnen Li,

Lè ma kanpe bò kote Jezikri;

Ma va wè Li, ma konnen Li

Ak mak klou yo Li genyen nan men Li.

Couplet 2

Ala kontan m a kontan

Lè m a wè Li fasafas

Ak tout gran lanmou

Kap briye nan je Li!

O! kè mwen va louwe Li

Pou mizerikòd ak gras!

Ki pare pou mwen

yon bèl plas nan lakay Li.

Couplet 3

Nan bèl peyi anwo a

Mwen genyen kèk byenneme,

Mwen sonje lè yo te di mwen orevwa

Ak lajwa yo va chante

Lè yo wè m ape rive,

Men mwen ta vle wè

Sovè mwen premyèman.

Couplet 4

M ape antre nan vil la

Ak yon ròb blan ki san tach

Kote p ap gen soufrans ni tristès ankò;

M ape chante ak zanj yo

Nan yon si bèl amoni

Men mwen ta vle wè

Sovè mwen premyèman.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🕊️ Funérailles et consolation