🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 57

Sa fe sink mil ane pase

Kreyòl
Couplet 1

Sa fè senk mil ane pase Noye bati lach la

Bondye di: M ap voye yon delij

Pou detwi latè.

Zannimo antre andedan, betizè yo mande

Si Noye panse fè lach la sou tè sèk derape.

Ak fanmi li, Noye antre, Bondye fèmen pòt la

Syel la vin sonm, Zekle pete

Pasyans Bondye kaba.

Refrain

Ala yon lapli ! (2 Fwa)

Li tonbe pandan karant jou

San li pa rete ditou, ditou,

Ala yon lapli ! (2 Fwa)

Men lach la vwayaje toujou;

Ala yon lapli!

Couplet 2

Moyiz ale sou lòd Bondye

Bay pèp la libète,

Wa Ejip deklare : Mwen p ap kite esklav ale

Banboch nan dezè a,

Pwiske yo tout parese,

Olye mwen lage yo,

M ap fè travay yo redouble.

Moyiz reponn ou pral soufri

Men Moyiz pa te pè

Li kanpe bò rivyè a l leve baton li anlè.

Refrain

Ala yon lapli ! (2 Fwa)

Sotrèl, krapo, mouch, pou, ak grèl

Grengole ou lejip sot nan syel.

Ala yon lapli! (2 Fwa)

Farawon pa t kapab sipòte l.

Ala yon lapl !

Couplet 3

Nan tan Eli an Izrael lè Wa Akab renye,

Sechrès te rèd, twazan edmi,

Lapli a pa t tonbe,

Akab banboche sou Kamèl, lè Eli t ap priye

Sis fwa, nanpwen anyen,

Men Eli pat dekouraje,

Byento yon ti nyaj paret,

Eli te pran kouraj li di Akab:

Ou dwe pare pou yon kokenn lapli.

Refrain

Ala yon lapli! (2 Fwa)

Syèl la tounwa, dlo a te frèt;

Akab rann kont se te yon jwèt;

Ala yon lapli ! (2 Fwa)

Lè li rive li mouye nèt

Ala yon lapli!

Couplet 4

Anvan Jezi tounen nan syel kote li soti

Ak onz apot yo li promennen jouk nan Betani

Li di: lè m rive nan syel

M a voye Sentespri a

Donk rete Jerizalèm

Jouk pisans la vini.

Sanven disip nan chanmòt la t ap veye e priye

Yon van sibit sekwe kay la

Benediksyon vide.

Refrain

Ala yon lapli! (2 fwa)

Bondye voye Sentespri li,

Yo Preche chak moun nan lang pa li

Ala yon lapli! (2 Fwa)

Mesaj gate nan tout peyi

Ala yon lapli!

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible