🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 31

Tout Moun Ki Rete Sou La Tè

Kreyòl
Couplet 1

Tout moun ki rete sou latè

Beni Bondye, sèl kreyatè.

Alelouya! Alelouya!

Non Redanmtè nou tèlman gran

Moun dwe chante li pou tout tan.

Alelouya! Alelouya! Alelouya!

Alelouya! Alelouya!

Couplet 2

Bonte Jezi p ap janm fini,

Se verite, li se lavi,

Alelouya! Alelouya!

Tout pèp va chante louwanj li,

Jouk tan solèy la va fini

Alelouya! Alelouya! Alelouya!

Alelouya! Alelouya!

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🎵 Louange et adoration